Vwa Devlopman - New Episode
- Haitian United Front

- Jan 6
- 2 min read

New episode: Ayiti bezwen you nouvo apwòch pou l devlope. Yon ti bat-bouch ak Johnny Celestin.
English:
Happy New Year!
As we step into this New Year, we want to begin with a sincere thank you. Thank you for your continued support, your thoughtful messages, and your commitment to the conversations that matter. Over the holiday season, we took some time to pause, reflect, and enjoy precious moments with family and friends—moments that remind us why development, community, and collective progress are so important in the first place.
The New Year is always a time of renewal and intention. It invites us to look honestly at where we’ve been, where we are, and where we want to go—both as individuals and as a community. At Vwa Devlopman, our mission remains the same: to amplify informed dialogue around economic development, and the role of the diaspora in shaping a stronger future for Haiti.
As we move forward, we are recommitting to bringing you conversations that are thoughtful, practical, and grounded in solutions—not just problems. This year, more than ever, we will focus on ideas that empower action and encourage collaboration across borders.
With that spirit in mind, we are excited to officially resume the blog and share our latest episode of Vwa Devlopman with you. As always, your feedback, reflections, and shared perspectives help shape this platform. Let’s continue building—together.
Click on the link below to watch the latest episode of Vwa Devlopman on our Fwonini TV YouTube channel. Don't forget to subscribe, like and comment.
Kreyòl:
Bòn Ane!
Pandan n ap antre nan Nouvel Ane sa a, nou vle kòmanse ak yon grap mèsi sensè. Mèsi pou sipò kontinyèl nou, pou mesaj ak anpil refleksyon nou voye, epi pou angajman nou genyen nan konvèsasyon ki vrèman konte. Pandan sezon fèt yo, nou te pran yon ti tan pou m poze, reflechi, epi pase bon moman ak fanmi ak zanmi—moman ki fè nou sonje poukisa devlopman, kominote, ak pwogrè kolektif tèlman enpòtan.
Nouvel Ane a toujou pote yon sans renouvèlman ak entansyon. Li envite nou gade ak onètete kote nou sòti, kote nou ye kounye a, ak kote nou vle ale—tankou moun, men tou kòm yon kominote. Nan Vwa Devlopman, misyon nou rete menm jan an: leve vwa pou dyalòg ki enfòme sou devlopman ekonomik, ak wòl dyaspora a nan bati yon avni ki pi solid pou Ayiti.
Pandan n ap avanse, nou renouvle angajman nou pou n kontinye pote ba nou konvèsasyon ak anpil rezonman, pratik, epi chita sou solisyon—pa sèlman sou pwoblèm. Ane sa a, plis pase tout tan, nou pral mete aksan sou ide ki ankouraje aksyon epi ki favorize kolaborasyon ant frè ak sè nou yo, kèlkeswa kote yo ye.
Se nan lespri sa a, nou kontan anpil pou nou relanse blog la ofisyèlman epi pataje avèk nou dènye epizòd Vwa Devlopman. Jan sa toujou ye a, opinyon nou, refleksyon nou, ak pèspektiv nou pataje yo ede fòme platfòm sa a. Ann kontinye bati—ansanm
Klike sou lyen an anba a pou w gade dènye epizòd Vwa Devlopman sou chèn YouTube Fwonini TV. Pa bliye abòne, renmen videyo a (like), epi kite yon kòmantè!







Comments