top of page

KOMINIKE Pou LAPRES Distribiye bridsoukou

Dr. Joel Augustin, Prezidan

Fwon Ini Dyaspora Ayisyen

202-918-6992


Fwon Ini Dyaspora Ayisyen an konsène e enkyete pou deteryorasyon anviwònman

sosyo-politik nan peyi DAyiti ak efè li yo, ak enpak li sou Ayisyen ki nan peyi a ak nan

Dyaspora a.

De kesyon sanble domine sèn politik la:

- Yon nouvo konstitisyon pwopoze, ke yon komisyon ki te chwazi e jwenn

manda nan men Prezidan Jovenel Moise, ki pral adopte pa referandòm.

- Anbigite konstitisyonèl ki antoure atik ki pale de manda ofisyèl prezidan an.

Pandan ke gen kèk ki entèprete l ke manda prezidan an fini 7 fevriye 2021, gen

lòt ki di ke manda a ap fini 7 fevriye 2022.

Pandan ke gen yon gwo konsansis nan mitan tout sektè sou nesesite yon lot

konstitisyon ki pou reflete gwo chanjman, priyorite yo ak reyalite nan peyi a, Front

Etazini kwè ke li enperatif ke jefò sa a yo dwe rezilta yon pwosesis enklizif konsiltatif.

Fwon Ini propoze :

1) Pou tout sektè nan sosyete ayisyen an patisipe de fason transparan

nan yon pwosesis kredib epi jwenn pi bon mekanis pou refòme

konstitisyon an.

2) Pou tout sektè yo reyini ansanm epi jwenn yon konsansis pou Ayiti

retounen nan estanda konstitisyonèl san kondisyon preyalab, yo mete an

èv de fason òdone apre yo fin asire yon klima sekirite ki nesesè


Fwon Ini pwopoze pou travay avèk patnè yo an Ayiti ak nan dyaspora a kòm yon medyatè

pou ede aktè yo jwenn yon baz komen ak pou fè Ayiti soti nan enpas sa a. Fwon Ini

reyafime ke li enperatif pou tout Ayisyen , tout sektè kolabore, konsantre sou valè ki ini nou

epi pa rete sou kèk ki divize nou, jan sa di nan deviz istorik nou an: "Linyon fè lafòs"

Nan solidarite ak tout konpatriyot nou yo, ak pi bon swè nou pou nouvèl ane 2021 nan lapè

ak sekirite.


13 views0 comments
bottom of page