Email:       info@haitianunitedfront.org

Phone:     (312) 310 - 4357

Address: 1900 B Asbury Street

                 Evanston, IL 60201, USA

Haitian United Front
of the Diaspora

The United Front of the Haitian Diaspora’s (UFHD or UF) is an advocacy organization whose work is to unite and strengthen the worldwide Haitian Diaspora and its supporters, in order to enhance the economic, health, and social wellbeing of all of Haiti’s children. Our mission is to also ensure and protect the right of every citizen to be involved in the decision-making processes that affect them.

Quick Links

© 2019 Haitian United Front of the Diaspora.  All Rights Reserved.

Search

Vendredi de la Diaspora - Diskou Lionel Jean-Baptiste, Prezidan Fwon Ini an

Prezidan,

Minis Ayisyen ki ap viv aletranje,

Mme Ternier,

Minis ki la yo,

Tout lòt onorab otorite ki la yo,

Frèm, sèm yo kap viv an dedan e an deyò peyi a,


Mwen salye nou avèk anpil lanmou. Mwen menm ak Johnny nou te di n ap fè prezantasyon nan de lang peyi a kidonk Johnny fè youn an fransè e mw te vle bay tèt mwen tchalanj pou mw fè pa m lan an kreyòl. Lang manman m! Mwen vle komanse pou mw entwodwi tèt mw. Mw se yon jij ozetazini. Mw se manm NAHEON yon lòt òganizasyon ki gen landan li plis pase 50 eli ozetazini. Mw la antan ke prezidan Fwon ini ki gen misyon pou li asire ke Ayisyen ki ap viv deyò peyi a gen yon vwa antan ke pitit peyi a. Nou ka al chèche lavi lòt kote men se Ayisyen nou ye. Fwon ini se yon regwoupman asosiyasyon ki soti lafrans, Bahamas, kanada, jamaik, repiblik dominikèn, etazini, pou m site sila yo sèlman. Nou regwoupe e bay tèt nou de objektif. 1. kijan pou nou fè dwa nou respekte. 2. Kijan pou nou ede peyi a de fason pi estriktirèl. Nou la a paske nou rekonèt ke sa ki karakterize imanite nou kòm moun se le fèt ke nou se ayisyen. Kelkelanswa sa nou akonpli nan la vi a kote n ap viv yo, n’ap soufri paske nou pa la a pou nou mete men nou nan travay pou nou ede soulaje soufrans peyi nou. Wi, nou la pou tout etap yo.


Nou jwen apèl lè timoun fèt, lè batèm, kominyon, maryaj, maladi, antèman. Nou peye lwaye, telefòn, gradyasyon, antre dè klas, elatriye. Nou menm jwenn ONA dyaspora. Atis yo fè mizik sou nou e tèm dyaspora vin menm prejoratif. Dyaspora a pa omojèn e depandaman de kote li ye (Repiblik Dominiken, Lafrans, Kanada, Etazini, li gen yon realyte ki diferan. Fwon ini an pa reprezante tout moun nan dyaspora men li reprezentatif. Sèl bagay ki rete konstan se lefèt ke nou tout se Ayisyen. Geyen anpil ayisyen nan dyaspora a ki gen anpil konesans ak enèji, genyen ki pran pansyon yo e ki ta renmen ede men ki pa kon ki kote pou yo pase pou yo bay kontribisyon yo. Genyen ki retounen men jwenn anpil difilkte: de sèvis de baz a pwoblèm fwonsye. Genyen nan nou tou malerezman ki komanse mouri pandan n’ap tann you kanal pou’n patisipe. Nou pa reprezante men nou voye plis sipò nan peyi nou ke tout peyi etranje ansam. Kite mw di li ankò: tout peyi gen mo pa yo nan sa ki ap pase Ayiti men nou menm pitit peyi ki renmen manman nou, tè sa a kote kòd lonbrit antere, nou pote plis sipò pase tout peyi etranje sa yo mete ansanm men nou toujou jwen kòd long. Mw pa vle pale de lajan selman men m ap pale de tout asosiyasyon ki ap travay nan edikasyon, santé e aktivite ekonomik. Nou toujou jwen bèl pawòl men an Pratik nou paka ladan l, nou pa jwi dwa fondamantal nou ki se vote, kidonk, nou pa gen vwa nan anyen.


Nou salye travay sa a ki komanse ak minis MHAVE la Mme Ternier e nou swete li ap pase yon bon tan kom minist. M en realyte sè ke nou toujou nan yon sitiyasyon kote nap rekomanse chak 3-4 mwa ak you lòt minis. Depi sou prezidan Martelly pou jiska jodya, nou pase 12 minis. A chak fwa, nou oblije rekomanse. Nan bidjè peyi a MHAVE toujou trete an paran pòv. MHAVE resevwa .08%. Se sèl ofis pwoteksyon ak akedemi kreyòl ki resevwa mwens kòb. Epi MHAVE toujou menase pou yo elimine li chak fwa gen yon Chanjman nan gouvènman oswa pwoblèm lajan. Malgre difikilte sa yo, nou toujou jwe wòl nou. Chak minis ki monte nou voye tout dosye yo ki te la depi avan trambleman’d tè ya. Mesye Prezidan, lè ou te eli, yon delegasyon te vini nan inogirasyon ou. Si w sonje nan yon ti resepsyon nou te fè pou ou nan Mariott la, ou te pwomèt pou rankontre ak diaspora a chak mwa. Nou konen ou te de bon fwa men ke sa t ap difisil. Sepandan, depi 2 lane ki pase yo, nou voye prè de 20 lèt, nou fè apèl, nou rantre an delegasyon pou’n vin travay, nou fè demann pou’n patisipe nan travay eta Genero yo men tout sa rete san rezilta. Gen kritik ki di diaspora a pa òganize, men malgre tout travay gwoup ki nan dyaspora a fè pou yo angaje ak leta Ayisyen pou maksimize kontribisyon nou yo, poko jam genyen you relasyon striktirel ki etabli ok okin oganizasyon.


Nou pa la pou n fè louanj pou Minis Ternier nan tet MHAVE la, men nou rekonèt ke li trè kourajez e dinamik. Ak system li vin etabli’a “ Vendredi de la Diaspora” li ap bay Diaspora you chans pou li pale de sijè ki enpotan pou li e pou peyi a. Nou vle travay avè l sou pwosesis pou nou ka ekzèse dwa pou nou vote. Ak minis sa a, nou ka travay ak ONI pou nou jwen kat didantite nasyonal nou malgre ke nou rekonèt ke kesyon kat la se yon pwoblèm tout moun ap viv. Nou vle pou ministè a sèvi kòm pon ak paleman pou nou soumét pwopozyon de lwa sou lwa electoral la. Ministè ka ede nou travay ak KEP a pou nou ka vote nan Konsila ak ambasad nou yo. Anpil peyi deja ap fè sa menm vwazen a, repiblik dominikèn bay diaspora li yo dwa ak posibilite pou yo vote nan eleksyon peyi kòmsadwa. Li lè li tan pou nou pase ti etap sa a tou. Pou sijè ki devan nou jodi an, Gouvenman an ka pa dàko ak jan nou wè keyson an. Ke se $120 milion ki collecte sou transfè nou yo. Ke se montan ki koleket sou apèl telefonik yo depi 2011. Dyasporaa wè kob sa yo kom yon taks. Gouvenman an di se yon redevans. Se pa yon frè ki pra’l nan men you konpayi prive. Gouvenman pran’l pou’l peye pou edikasyon. Redevans oswa taks, li te fèt san konsiltasyon e san patisipasyon. Pou nou, se yon kesyon de taksasyon san reprezatasyon. Kòz la bon e li jis, se ak edikasyon pou peyi a devlope e nou konnen kijan edikatè nou yo ta remen jwe wòl yo nan travay sa a. Yo menm bezwen plis resous toujou.


Nou remèsye w Prezidan di fèt ke ou te anbrase lide sa a e otorize Minis Ternier pou li lanse inisyativ sa a. Nou la a paske nou kwè ke se yon opòtinite pou nou pale, pou ka gen transparans nan lajan ke leta Ayisyen ap kolekte sou diaspora. Men tou, pou nou mande patisipsyon antan ke pitit peyi a. Nou remesye entèvenan yo ak tout moun ki ap swiv nou. Nou gen remèsiman espesyal a manm nou yo ki fè deplasman an pou yo la a Jodi an. M ap fin pa salye kouraj pèp Ayisyen an e pou m di li menm si nou pa sou teren an chak jou nou la pou nou travay ansanm pou nou ka wè Ayiti nou tout reve a. Mèsi e viv Ayiti.

8 views